Gras avèk esperans nou, priyè entèsesyon pou sove mond lan, redouble ankò. Pa janm bliye priye pou viktim yo, pou tout kretyen ki nan mond lan. Pa janm bliye ale jis nan dènye bout ak priyè nou yo, pou konvèti bouro yo ! la pè pou mond lan.
Jezi di, mwen pataje avèk nou yon nouvo esperans nan retounen mwen gen pou m retounen an. Nan Gabon, Nan Afrk ekwatoryal. Mwen kapab wè efò ekip wozè yo, ki depi nan kapital librevil, yo te ale nan misyon nan tout peyi. Yon lot misyon ankò pou ane 2015 lan program pou ale nan dyosèl oyèm ki poko genyen eki wozè men ki déjà nan 5 lot diosèz yo ; se popilasyon kanpay yo avèk sa ki meprize yo ke manman Mari mande nou pou n ale visite.
Pou tout ekip ki nan mond lan pa janm bliye pòv yo. Paske nou tout se misyonè. Pandan nap komanse nan sa ki pi prè nou yo.
R- Gade yon jwa pou nou menm ki rasamble pou’n priye e medite pawòl Bondye a avèk sipò manman Mari. Se Jezi ki di lè 2 ou 3 moun reyini nan non l e byen li la. Ann viv ansanb moman Karèm nan kap mache vè pak la ki se yon gran fèt pou tout kretyen.
Frère Gilles Danroc
Aumônier international